Padon Majis!

Gen kèk tan, plis pase anpil dizèn ane, ekonomi peyi a ap chanje nan men nou. Pifò zouti pwodiksyon, tankou izin ak plantasyon, ap efondre jiskaske yo tounen poud. Nou kontante nou louvri lestomak peyi a pou achte pwodiksyon deyò, ranje etajè, lage ti machann nan lari pou n kouri dè benefis rapid, san risk, menm l si l pa gwo.

Kòm toujou gen yon konsolasyon nan lavi, nou vin kwè li pa twò grav si nou fèmen tout izin yo, boule tout jaden yo depi nou gen touris k ap rantre. Depi nan ane karant yo, n ap poudre figi nou, n ap pase bale, n ap reve, n ap niche pwent kreyon nou pou nou kreye tout kondisyon pou touris debake nan tout ti kwen an Ayiti vin simen lajan sou pèp la epi plen kès leta.

Se vre nou eseye. Se vre sa te kòmanse mache. Men se vre tou maladi sida (blan te vle foure anba vant nou), diktati mò rèd, dechoukay, zenglendo, chimè, raketè, awousa, tranblemandetè, move siklòn, vye sezon pase sou peyi a epi vin antrave pifò plan ki te genyen pou touris debake an fòs.

Malgre gwo dosye anba bra minis, anpil woumble, monte desann fo mouvman, bèl latrèn nan wòb lamarye, se ti insyativ prive ak pasyon kèk Ayisyen pou peyi ki kenbe sektè a.

Pou ti vakans semenn sent la, Rodolphe Nemorin, moun Mòlsennikola, konvenk yon trantèn moun nan Pòtoprens pou al pase peryòd la bò lanmè. Menm si wout la ka transfòme vwayaj la an ekspedisyon, men se yon bèl powèm si ou pran tan pèdi nan tout kalte peyizaj k ap chanje sou ou san zatann. Mòl se yon zòn ki gen bèl lejann pal. Istwa tè Dayiti a makònen avè l, van k ap souffle a fre. Men l lè pa gen riches ak gwo enfrastrikti, gen kouran, gen bon otèl, pa gen fatra, pa gen koupèt pòch, pa gen kafou bloke epi m pa menm kwè bòdègèt woule souvan.

Devan yon asyèt pwason ak banann, tout pawòl bon pou pale. Nou koze anpil sou pil Ayisyen k ap plonje Miyami oubyen Sendomeng pou al pase vakans pak. Pou nou, se pi bèl chwa a nou fè malgre nou gen konsyans se pa tout moun ki ka pèmèt tèt yo sa. Li senp. Pou al Mòlsennikola ou oblije gen yon bon machin ak yon gwo chofè. Sizèdtan move wout depi Gonayiv ka dekouraje menm yon minis touris. Dayè gen youn ki te deklare kote sa a twò lwen pou l enterese moun. Se tankou koze touris la menm pa chita sou deplasman ak depeyizman.

Molsennikola, pa konte lè menm jan ak tout kote pou moun ki vin an vakans. Nou manje, nou mache, nou benyen san n pa fè atansyon. Menm jan, nou pa ka anpeche n pale istwa ak politik. Kote nou te ye a, li fasil pou nou konprann peyi Dayiti genyen omwen de ladan l. Gen yon pati n ap kraze tèlman nou gonfle ladan l epi gen yon lòt nou bliye. Li difisil pou n konnen kilès nan de pati sa yo ki gen plis malchans.

Nou tout vote. Nou pito Mòlsennikola pase pifò kote sou latè. Li lwen, se vre. Li pòv, se vre. Men van an soufle pi fre epi chak moun ou kwaze gade w nan je tankou l pa gen anyen l ap sere. Konsyans zòn nan ta sanble klè. Sa se enpresyon premye jou yo.

Sa m pa p bliye di, Mòlsennikola gen kwa pa l tou la p trennen depi misye Kolon. Istwa vil la patikilye. Pozisyon l tou. Sa lakòz vil la gen yon eritaj ki twòp pou li. Kote w vire gen yon sit istorik konstwi. Se pa ni de ni twa. Anpil ladan yo ap sot tonbe wòch apre wòch. Nou te panse konsantrasyon sit sa yo te ka pèmèt plan pou mennen touris Omòl la bay rezilta prese prese. Zòn nan te ka apiye sou istwa l ak patrimwan li pou l devlope epi amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Posiblite a bèl. Kòm se youn nan pwent peyi a, li pa ta p depaman si nou ta kòmanse la.

Antouka, nou sèmante n ap tounen Omòl. Enkyetid nou se kisa destriktè yo ap kite pou nou. Nan tout fò ki pre sant vil la, moun yo pa wont rache wòch epi monte kay yo sou plas. Kòm Ispan ak sosyete istwa yo lwen, nou imajine lameri te ka frennen moun iresponsab sa yo.

Nan mache chèche nou tonbe sou yon fòtifikasyon ki gen yon ba-restoran ladan l. Nan voye je, nou jwenn senkant moun k ap kave tafya nan yon match Baselòn ak Seviy. Sa raple jou espanyòl yo te anvayi nou.

Nou rale bak sou pwent pye. Biznis la se yon majistra ki te fè tan enterimè l ki chwazi fè yon envestisman enbesil. L ap vann byè, zafè la Repiblik.

Nou te panse nou te chape anba estipid lè nou te kite Pòtoprens… Men se yon moun Omòl menm ki te di nou: toutan ou poko rive, kote w prale a lwen!.

Jean-Euphèle Milcé

Cet article Padon Majis! est apparu en premier sur Quotidien Le National.

Commentaires