Pierre Jonas Romain : DE BRI PEYI

Pwezi kreyòl la ap vanse atoutboulin. Chak powèm, chak rekèy, se yon mayon nan chenn lang sa ki makonnen tout ayisyen nan yon sèl batman kè. Chak jèn powèt ki chwazi kreyòl pou pentire santiman yo lonje men bay ansyen tankou Oswald Durand, Emile Roumer, Franketienne, George Castera, elatriye, pou anrichi lang kreyòl la nan tout fondalnatal li. Pierre Jonas Romain se youn nan jèn sa yo ki depi plizyè ane ap satouyèt lang kreyòl la pou fè l depale. Nan liv li ya, De bri peyi, qui soti an 2017 sou Jebca Editions, se 68 powèm ke Romain livre devan zye nou.

Youn nan fòs pwezi kreyòl la se pèmèt powèt yo denonse ak mo koutodigo sitiyasyon malatchong e zoupendoup peyi a. Menm jan ak anpil jèn powèt, eslamè, dizè parèy li, Romain pa ezite rele chalbarik dèyè « poli ti chen », « politikraspen », « politikriyen » nou yo. Anpil nan powèm li yo se rèl yon pitit devan lamizè ak lenjistis kap depafini manman l. Dayè, tit liv la montre aklè ke sijè powèm yo se peyi a, e powèt la pa demerite. Se yon kout ponyen sèl li voye sou tout maleng peyi a, se yon bouch kamera li flannen sou plizyè aspè nan reyalite peyi a, depi goudougoudou jouk nan leta, eleksyon, paleman, minista ak gouvènman.

Powèm sou goudougoudou.

Romain gen plizyè tèks sou dezas sa. An’n kenbe de ladan yo : Vètij, yon powèm kout ki di « Chak fwa m/wè douz/tout kò m/kraze/anba dekonm. ». Nou wè la yon stil senp, dirèk, ki pèmèt Romain di sa l vle di a san makiyaj. Epi Bilan, ki yon jan pi long, men ki ale nan menm sans la: “Nan trannsenk/segonn/vil la vomi/kadav/ pa gen tan/pou dènye/priyè/simityè/ refèt/nan chak twou.” Nan de powèm sa yo, ak nan anpil lòt, ou jwenn vè ki se mòso fraz k al kontinye nan vè k vin aprè l. Se yon teknik yo rele anjanbman. Sa pèmèt ou dikte kadans powèm la, men fòk ou pa twò abize l, paske l ka fè parèt powetik fraz ki pa gen okenn pwezi.

Powèm sou leta, eleksyon, palman, minista, ak gouvènman.

De mo se powèm ki pi kout nan rekèy la, se vrèman de mo : « Lanmèd/Leta. » Ou santi la ke powèt la bouke fè lakilbit pou l kriye fristasyon l. Kidonk, si l pa rele, li san lè toufe, e se de mo sa yo ki soti. Men se powèm Leta ki detaye plis sou refleksyon powèt: « Leta se pòtre/ chen anraje/mèt bliye sou/gran ri… » Politik se yon powèm ki met pye l sou kou politisyen, palmantè, ak kominote entènasyonal : «Gade/gade politisyen/ sa se wont/mezanmi !/Gade/gade palmantè/se twòp atò/Mouche !/ Gade/gade kominote/entènasyonal la/ k ap fè radòt… »

Kòm anpil lòt ekriven ayisyen, Romain pwopoze plizyè jedmo ak mo tou nèf. Eske se yon fason pou anrichi lang kreyòl la, oubyen se yon teknik pase moun nan rizib. Poli-ti-kriz se youn nan ekzanp jedmo sa yo, se tit yon powèm kote ou jwenn : « Peyi a depeyize/Peyi a tounen/Jwèt toupi/Nan fant dwèt poli ti chen. » Se menm jan ak Kontispilsyon: « Bouyon konstitisyon/Katrevensèt/amande/ Rechofe/Pèp toujou nan lari. »

Lòt powèm…

Gen lòt powèm kote Romain touche sijè varye. Kèk ladan yo sou fanm: Dwèt Fanm “Mwen se yon machin/Se dwèt yon fanm/K ap telegide m.” Devan pot kè m se yon lòt: “Devan pòt/kè-m/gen yon fanm kap fè pòs.” Powèm sa yo gen yon ti kras plis bèlte, plis chèlbè ke powèm angaje yo. Ladan yo, imaj yo pi bèl, souf powèt la pi poze. Se sa nou konstate tou nan Jounen Kreyol, youn nan powèm ki pi bèl nan liv sa, ki montre lanmou Romain pou lang kreyòl la :

Lang pa gen zo

Se pran l san kraze

San peze

Lang pa m

Pa nan tetelang

Li pale tout sa

Li gen pou l pale

Pèsonn pa ka fèmen

Bouch mwen

Pèsonn pa ka

Fè m depale

Toutotan lang mwen

Pa koupe

Mwen ap pran lang

Nèt ale

Lang kreyòl

Se lang makònay

Se lang siman

Se lang zantray

An n fete kreyòl

Pou kreyòl

Pa filange

Lang nan bouch nou.

(De bri peyi, pages 60-61)

Mario Malivert

Cet article Pierre Jonas Romain : DE BRI PEYI est apparu en premier sur Quotidien Le National.

Commentaires