Degèpi !

Yon Ayisyen ki gen plis pase trantan konn kijan, sa pa gen lontan, pifò powèt, atis, komedyen, entelektyèl nan peyi a te konsidere yo kòm pi gwo lènmi lame Dayiti. Yo se lèt, lame se sitwon, pa t gen pyès rezon pou yo te melanje yo. Paralèl la te senp : anfas finès entelijans kreyatè yo, te toujou genyen britalite zam ak pouvwa militè yo.

Alepòk, atis ak jandam te konn rankontre fasilman nan pwogram plezi ak kleren. Se tankou tou de kategori sa yo te bezwen sa pou yo viv. Yo pataje menm anbyans la san yo pa janm melanje.

Sivil pa mele ak chèf. Se yon gwo verite ki valab pou tou de bò yo. Sèlman, youn ap veye lòt. Atis ap kenbe bouch yo, militè ap fè koudèy sou zam yo. Depi ane swasantdis jiskaske lame Dayiti a eklate an miyèt moso, jwèt la pa t sèlman make san, li te vin gen gwo risk lanmò ladan l. Pou chak atis ki te angaje nan batay pou chanje sistèm politik epòk la, te konn bite sou jandam, ki te gen dyòb pwoteje enterè lènmi atis yo. Antouka, men m lè yo te konn manje nan menm restoran, danse menm bidjonèl, bwè tafya ki sot nan menm gildiv, viv nan menm peyi, militè ak atis pa t fin twò zanmi.

Ma pa konn yon ekriven, yon atis, nan peryòd sa a, ki pa gen yon koze pou yo rakonte sou lame Dayiti. Gen ladan yo ki ka fè w ri, men chaje koze tou ki fini mal. Se pètèt pou sa, chak kout plim se yon siyad nan tèt jandam ; chak chante se te yon chay pwen. Yon ti tan anvan lame Dayiti te demobilize, lè yon gwoup atis, ekriven ak zanmi yo chita nan yon ba, y ap chante Manno Chalmay, depi yon jandam rantre yo chanje lang, yo tonbe chante Boris Vyan. Menm batay la kont lame paske entelijans kreyatè yo pa t pèmèt yo danse kole ak koze resevwa lòd, fè britalite epi defann sistèm yo pa gen kontwòl sou li.

Malgre yo tout te dakò lame, pou gwo wòl li te jwe nan lendependans peyi a, se yon gwo eleman kiltirèl, paske li patisipe nan konstriksyon peyi a. Malgre goumen, atis menm jan ak sosyete a pa t jan m sezi pou kantite senbòl militè ki nan patrimwàn nou yo. Tout plas piblik nan peyi a gen yon jeneral k ap selebre. Tout sit touristik ki byen valorize yo, se fò, sitadèl ki rakonte listwa militè peyi a.

Si aktè kiltirèl yo te pè mache bò kot lame paske yo te pè bal esprenngfil, kout kwòs quarantsenk, enstitisyon kiltirèl yo, tankou Ispan pa t janm neglije jere patrmwan militè peyi a tout moun konsidere kòm yon bèl eritaj ki se byen tout ayisyen.

Lame demobilize, lame remobilize, pa gen yon chante, pa gen yon pwezi moun konnen ki vin alimante deba a. Se tankou gen yon konfizyon nan santiman yo.

Nou pa janm konnen si aktè kiltirèl yo renmen oubyen rayi lame tout bon vre. Pètèt nan tèt yo, lame tyoul okipan, lame k ap kore diktati pa menm ak lame k ap goumen pou libète. Gen dwa, sa pa di moun anyen paske se dyòb k ap kreye, se listwa n k ap restore, se konstitisyon n ap goumen pou n respekte, se kòlèt n ap gonfle, se enstitisyon itil n ap kanpe. Kenpòt !

Nou sèlman konnen nou gen yon lame pasifik ak yon leta majò epi desan sòlda. Nou pa gen ni mwayen ni anbisyon pou n fè lagè. Lame nou la, l ap veye katastwòf natirèl pou l ka touse manch varèz li.

Lame gen dwa pa fè koudeta ankò si l gen plis traktè pase chadegè, donk manke debouche pou Ayisyen ki gen gwo lanbi yo. Antouka, li pi fasil pou yon ekriven fè konplo ak plim li oubyen yon atis chofe peyi a ak yon bout chante kanaval.

Lame remobilze a tèlman konn sa, li pran kle ansyen katye jeneral li nan men ministè Lakilti.

Lame ranpòte premye batay li. Yon jeneral rantre, yon minis Lakilti soti.

San bri, san kont, san chante, san pwezi.

Jean-Euphèle Milcé

Cet article Degèpi ! est apparu en premier sur Quotidien Le National.

Commentaires