Nou poko sove

Anpil fwa, nou reve pwofite wikenn nou pou bay lavi nou yon ti kras sans. Kòm nan peyi nou an pa gen anpil chwa nan kesyon lwazi, tankou teyat, sinema epi tout kote lwen si w pa gen gwo mwayen, nou toujou ap chèche lage pòch nou ak tan nou nan byen bwè ak byen manje.

Nou renmen restoran bèl espas, bon mizik chaje ak moun senpatik. Se pètèt sèl jan nou jwenn pou nou montre moun nou egziste tankou nou la, nan peyi a, menm si sa di n ap kenbe. Nou poko mouri.

Apre dènye gwo katastwòf ki te tòdye peyi a, kase l an de, lage yon pakèt moun ak enstitisyon de bra balan ap tann etranje bon kè vin sove yo, nou vin dekouvri gen yon kote sonb nan zafè ong ak ajans k ap vin ede.

Nan chèche konsolasyon nou debake nan ba-restoran nou te gen abitid nou an. Pi gwo sezisman nou, tout pri te gen tan monte disèt wotè. Jou swa sa a, se te yon gwo anbyans, malgre nou te yon tijan kraponenn lè nou rann nou kont yon ba nan vil Pari genyen abityèlman plis nwa pase ti ponyen nou te kwaze nan ba Petyonvil sa a.

Lè mizisyen ki t ap pèfome yo lage yon swing sou tèm « What a wonderfull world », tout sovè Dayiti yo tonbe danse, bat bravo, bat lamezi sou tab, tèlman mizik la fè yo plezi. Deja pòch nou pa t fon, mete sou kote endesan espektak la, nou tou lage sa. N al plenyen mizè nou pi lwen.

Se vre, nou nan yon jenerasyon ayisyen ki leve, grandi, viv ak tout kalte òganizsyon ki pa gouvènman. Nou sonje depi finisman lane katrevendis yo te komanse gen yon deba sou itilite òganizsyon sa yo. Jis koulye a, nou pa janm rive reponn twa kesyon sa yo : èske nou swete ong pran yon pouvwa san pataj nan peyi a ? Si nou dakò, èske sa posib ? Epi nan ki kondisyon ?

Tout koze pale rive nan eksplike poukisa ong yo se zouti modèn makiye nan men kolon yo. Menm gen prèv se enterè gouvènman peyi yo y ap regle. Tankou, yo pa p pè simaye manje sou peyizan pou anpeche yo travay tè yo. Epi apre kèk tan, yo sispann bay manje peyizan yo vin renmen an pou fòse yo achte l.

Yo pote n sekou. Yo montre n priye. Yo fè lekòl pou nou. Yo rebwaze. Yo kore Leta. Yo bay konsiltasyon gratis. Yo jwe ak timoun nan lari. Yo netwaye prizon. Yo kore demokasi. Yo pentire òfelina. Yo travay, yo travay depi senkantan, chanje machin, ogmante primderisk, kale pitit, bwè tafya, fè patouz, peyi a vin pi mal. Bak nan tout sans.

Nou pa ka di se pa lajan ki pa depanse. Dayè se yo ki di l. Nou sonje Mouche Fanntino, minis pou ede lòt peyi o Kanada ki te kase met nan men ayisyen kòm mandyan engra. Nou pa ka konte gwo malonèt yo fè nou pou enkapasite ayisyen pou l jere kòb san l pa foure dwèt li ladan l epi pran enpe met nan pòch li. Ong pran pouvwa san nou pa konn kilès ki ba yo l. Yo fè pwojè yo vle, kote yo vle. Yo travay ak moun yo vle. Yo peye lajan ki nan lide yo. Pa gen otorite isit ki ka pèmèt mande yo rapò. Dayè, menm si se yon ti anplwaye dè manman ki debake ak yon pwojè kontwole konbyen piti yon foumi fou kale chak ane an Ayiti, premye sa li mande se chita pale ak prezidan peyi a. Moun sa yo pa pèdi tan ak ti chèf.

Men Oxfam tonbe fè eskiz, prèt pou kriye, paske yo gen kèk anplaye ki te pran abitid fè tougèdè ak kèk pwofesyonèl sèks. Sanble konn gen minè ladan yo tou (sa se lajistis ki pou pran ka a pou nou). Depi lè sa a, tout lòt gwo ong rann lavi moun san souf, pou eksplike nan ki pwen yo respekte tèt yo ak Ayiti.

Men poukisa yo pa kòmanse eksplike poukisa yo peye tèt yo tout kòb sa ak mwayen ki ta bay sou non Ayiti ? Kijan lè yo pase sou yon katye, pa gen moun nòmal ki ka pèmèt yo lwe yon ti pyès kay ? Tèlman pri yo ogmante.

Ayiti sanble pa gen gwo diskriminasyon koulè. Antouka pa gen anyen ki anpeche yon blan manje nan menm restoran ak yon nwa. Men sanble kote moun ong yo frekante, moun pa rantre. Rezon an senp : yo peye pi chè, pi byen. Se nòmal, kòb la pa pou yo. Y ap jere.

Men ong tonbe fè nou moral imanitè nan lave konsyans pou yon ti dezòd. Kòmsi pa gen lòt dega.

M pra l li nan gwo liv paske gen konntenè liv imanitè k ap debake tou. Nan bese triye, m ka tonbe sou youn ki reponn gwo kesyon ki an sispan yo.

Annatandan, kilès ki te di si Ayisyen bezwen moun sa yo ?

Jean-Euphèle Milcé

Cet article Nou poko sove est apparu en premier sur Quotidien Le National.

Commentaires